Kreyol | Francais | Espanol | English

Rezo enfòmasyon alténatif ayisyen Groupe Médialternatif



Kilès nou ye? | Poukisa nou egziste | Patnè nou

 
Pi plis pase aktyalite a !



Solidarite djanm
klike la a pou apiye AlterPresse

Prensip pou repibliye atik yo
Yo kab repibliye tèks AlterPresse yo an antye oubyen pa moso san peye lajan. Men, sous kote tèks yo soti a fèt pou parèt klè ansanm ak yon lyen moun kab klike pou al sou sit la.
An ka se pa sou Entènèt tèks la ap soti, li egzijib pou ekri adrès sit la (www.alterpresse.org).

AlterPresse
E-mail:
alterpresse@medialternatif.org
Delmas 38 # 8
Port-au-Prince, Haiti, HT6120
B.P.19211,
Tel: (509) 2499493, 2499492, 5166927


Bourad :

Logo IMS


Fond Francophone des Inforoutes


 


Premye me, jounen entènasyonal travay
Ayiti : Plizyè òganizasyon mande ogmantasyon salè minimòm nan
ak amelyorasyon kondisyon travay yo

mèkredi 30 avril 2008

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 29 avril 2008
Pòtoprens, madi 29 avril 2008
Nòt pou laprès plizyè òganizasyon nan okazyon premye a
Nan okazyon premye me ane sa a, noumenm, òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou wete chapo nou byen ba pou nou salye kouraj tout travayè sou latè, an patikilye travayè/èz ayisyen k ap sibi eksplwatasyon nan peyi Dayiti kou lòtbò dlo. Premye me a ki se jounen entènasyonal lit travayè/èz, rive ane sa a nan yon moman, kote travayè/èz ayisyen ap trimen anba eksplwatasyon (...)

Li rès atik la


Ayiti ap tann yon lòt premye minis
samedi 19 avril 2008

Pòtoprens, 19 avr. 08 [AlterPresse] --- Ayiti ta sou wout pou l gen on lòt gouvènman apre ekip Jacques Edouard Alexis a te fin pran kanè nan men senatè yo, jounen samdi 12 avril 2008 la.
Pwofesè Micha Gaillard, pòtvwa pati Fizyon sosyodemokrat yo, anonse deziyasyon premye minis tounèf la pou wikenn sila.
Daprè aktè politik yo ak sosyete sivil la, Premye minis sa pral gen pou fòme yon gouvènman ki bay revandikasyon mas popilè yo anpil enpòtans.
Pandan tout semèn lan, konsiltasyon bò kote prezidan René (...)


Ayiti-Kriz : Tèt Kole ti peyizan ayisyen mande yon kanpay refòm agrè serye nan 4 kwen peyi a
jeudi 17 avril 2008

Pozisyon Tèt Kole ti peyizan ayisyen
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 17 avril 2008
Tèt Kole ti peyizan ayisyen (TK) kòm òganizasyon peyizan ki genyen kòd lonbrit li mare ak pwodiksyon nasyonal lè’n konsidere Ayiti se yon peyi esansyèlman agrikòl. Nou sezi wè kòman Leta ayisyen mare sosis li ak kominote entènasyonal la pou mete agrikilti peyi a ajenou, ki lakoz pèp ayisyen an ap viv yon grangou ke yo pa janm wè nan peyi a ki rele kloròks.
Nou konsidere sityasyon sa yo n’ap viv jounen joudi a se (...)


Ayiti-Kriz : Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen nan Miyami fè solidarite ak lit travayè ayisyen
mardi 15 avril 2008

Pozisyon Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 14 avril 2008
Yon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutba. Li envite tèt li nan manifestasyon sou lavichè-a. Yo al chèche-l. Li rele fòs okipasyon yo (k-ap ranplase lame Ayiti) e polis nasyonal, ki louvri zam sou manifestan yo. Preval bliye anpil manifestan sa yo te leve granmaten al depoze bilten vòt pou li. Listwa gen pou jije-l pou sa. Mas popilè yo pa fouti kenbe anba grangou koupe trip sa-a. Apre (...)


Ayiti-Kriz : Alexis merite kanè depi lontan - Palmantè yo ap pran woulib
dimanche 13 avril 2008

Ayiti-Kriz : MINUSTAH ap simaye laterè, dapre Batay Ouvriye
dimanche 13 avril 2008

Ayiti-Kriz : SOFA denonse tout konplo pou detounen leve kanpe mas popilѐ yo kont grangou
mercredi 9 avril 2008

Ayiti-Kriz : Fakilte Syans Zimèn mande Koupe fache nètalkole ak politik ekonomik enstitisyon entènasyonal yo
mercredi 9 avril 2008


bwaPiwo (Nouvèl rapid)

Otorite Dominikèn rapatriye plis pase 16 mil Ayisen pou ane 2007 la

Boulvès nan dosye eleksyon senatoryal ki dwe fèt anvan finisman ane a an Ayiti

Minis koperasyon peyi Kanada ap vizite Ayiti

Kesyon eleksyon tounen nan deba politik la an Ayiti

Kèk siy montre rezo gang yo rekoumanse ap souke kò yo

Palman ayisyen an twouve l nan sesyon estwòdinè

Plis atik toujou

 
Logo Groupe Medialternatif
Nous offrons --- Consultations dans le domaine des medias radio, télévision, presse écrite et électronique --- Préparation de contenus mediatiques --- Conception et réalisation de tous types de produits audio-visuels --- Conception et réalisation de produits graphiques --- Publication et diffusion de matériels d'information, de sensibilisation et d'éducation Travaux de rédaction en tous genres --- Traduction --- Conception et réalisation de campagne socio-éducative --- Formation de techniciens en communication --- Espace d’hebergement Internet associatif

Telecentre des Jeunes

Forum multimedia sur les 200 ans d'Haiti






Men nan men ak :

Logo Comunica
ICT for development and democracy

Plan sit la an detay (Atansyon! fichye sa a lou)
Konsepsyon ak reyalizasyon: Gotson Pierre | Itilizasyon SPIP
TOUT DWA REZEVE © GM 2001
URL: http://www.alterpresse.org