Haiti-Republique
Dominicaine : Migration et Medias
Port-au-Prince,
30 Mai - 3 Juin
Sentèz atelye yo
Obsèvasyon ak pwopozisyon pou medya yo kab byen konsidere migran ayisyen ak dominiken
Entwodiksyon
97 moun, pami yo 57 ki te enskri kòm patisipan, suiv seminè "Ayiti-Repiblik Dominikèn: Migrasyon ak Medya". Soti 31 me rive 2 jen, diskisyon yo te dewoule nan Pòtoprens ak konkou pwofesyonèl ak benevòl nan medya, travayè sosyal, militan dwa moun, sendikalis ki sòti nan 6 depatman an Ayiti ak yon delegasyon 9 moun ki soti an Repiblik Dominikèn.
Te gen 6 atelye, 2 pou chak tèm, ki te chita sou sitirasyon medya yo an Ayiti ak an Repiblik Dominikèn, sou avantaj ak limit esperyans altènativ yo nan sa k konsène fason medya trete pwoblèm migratwa nan 2 peyi yo epi sou fason pou devlope ak ranfòse yon espas medyatik ki rekonèt valè kiltirèl moun ki janbe fwontyè yo epi respekte diyite yo.
Pandan refleksyon yo ap dewoule, patisipan yo te kenbe nan lespri yo reyalite migrasyon an, ak yon mas Ayisyen k ap sibi esplwatasyon, move tretman ak diskriminasyon an Repiblik Dominikèn, epi yon ti kominote dominiken ki pa gen prezans piblik epi moun pa byen konnen an Ayiti.
I- Tandans ki domine nan kontèks medya yo ap evolye an Ayiti ak an Repiblik Dominikèn
Pwofesyonèl ak benevòl nan medya, travayè sosyal, militan dwa moun, sendikalis ki te patisipe nan seminè "Ayiti-Repiblik Dominikèn: Migrasyon ak Medya", konstate:
1. An Ayiti, menm jan ak an Repiblik Dominikèn, se klas moun ki gen lajan ak pouvwa politik ki kontwole medya yo.
2. An Repiblik Dominikèn, kote sektè medya yo pi devlope ak pi varye, près ekri ak medya elektwonik yo kouvri tout teritwa a, epi yon sèl lang sèvi pou kominikasyon: Espayòl. Sepandan, gen yon gwo tandans pou medya yo konsantre nan men dezoutwa gran gwoup biznismann k ap fè konkirans. Sitirasyon sa a fasilite yo manipile enfòmasyon, sitou nan sa ki konsène Ayisyen ki janbe fwontyè yo, ki pa jwenn rekonesans pou kontribisyon yo pote nan ekonomi dominiken an.
3. An Ayiti, près ekri a pa devlope akòz, antwòt, gwo kantite moun ki pa konnli ak ekri. Anplis, medya ekri yo plis sèvi ak Franse, lang yon ti ponyen moun pale ak konprann, pandan yo kite Kreyòl ki se lang tout Ayisyen metrize, sou kote. Nan sitirasyon sa a, radyo parèt medya ki pi enpòtan. Sepandan, kantite radyo ki boujonnen kou djondjon, sitou nan Pòtoprens, pa egal plis posiblite pou popilasyon an patisipe nan kominikasyon. Pandanstan, pwoblèm kouvèti nasyonal medya yo rete tennfas.
4. Radyo kominotè devlope anpil an Ayiti. Nan anpil ka, yo nan men sektè debaz yo. Sa diferan an Repiblik Dominikèn, kote sitirasyon jeneral la ak lalwa pa fasilite gwoupman debaz yo gen radyo.
5. Nan tou 2 peyi yo, yo itilize Teknoloji tou Nèf nan Zafè Kominikasyon ak Enfòmasyon (NTIC). An Ayiti, medya yo fèk koumanse ap itilize NTIC, tandiske an Repiblik Dominikèn yo sèvi ak NTIC a pi plis epi li antre nan zouti regilye medya yo itilize.
6. Nan 2 peyi yo, jounalis sibi menas : difikilte politik, ensekirite - patikilyèman nan ka Ayiti - ak sere boulon sou baz ekonomik. Nan anpil ka, jounalis yo mete baboukèt poukont yo.
7. Nan tou 2 peyi yo, medya Leta yo gen tandans fè pwopagann. Li difisil pou jounalis yo rive jwenn enfòmasyon yo bezwen nan men gouvènman yo. An Ayiti, sitirasyon an pi konplike toujou, nan yon anbyans gwo lese frape pami sektè politik yo.
8. Enfòmasyon k ap sikile ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn piti anpil, akòz, antwòt, pwoblèm lang. Sa gen pou wè tou ak medya 2 peyi yo ki pa panse tabli korespondan pèmanan nan 2 kapital yo.
9. Kad legal 2 peyi yo diferan nan zafè itilizasyon lang etranje nan medya. Teyorikman yo entèdi lang etranje nan medya dominiken, men yo aksepte sa an Ayiti.
II- Avantaj ak limit medya altènatif dominiken ak ayisyen nan tretman kesyon migratwa a
Lè yo konsidere:
- Medya altènatif yo pèmèt popilasyon an patisipe nan kominikasyon,
- Medya altènatif yo plase tèt yo nan kad pwojè altènatif popilè a, ki mare ak pwogrè sosyal epi demokrasi,
- Medya altènatif yo mete tèt yo osèvis popilasyon an,
- Medya altènatif enfòme ak oryante pandan y ap itilize langaj popilè a;
Lè yo konsidere, bòde kesyon migrasyon an yon fason altènatif nan medya, mande pou mete sitirasyon moun ki janbe fwontyè yo nan kontèks li, gade kòz ak konsekans pwoblèm yo epi konsidere pwopozisyon ki soti bòkote sektè ki konsène yo;
Pwofesyonèl ak benevòl nan medya, travayè sosyal, militan dwa moun, sendikalis ki te patisipe nan seminè "Ayiti-Repiblik Dominikèn: Migrasyon ak Medya", souliye pwen sa yo:
1. Medya altènatif yo pi pre popilasyon y ap sèvi a, sa pèmèt yo konnen pwoblèm lokal yo pi byen. Kòm yo benefisye travay yon kantite moun ki pa touche lajan epi yo mare ak rezo òganizasyon ki kab enfliyanse epi apiye travay yo, medya altènatif yo se yon espas edikasyon ak sansibilizasyon sou la vi migran yo, ki gen anpil enpòtans.
2. An Repiblik Dominikèn, kèk estasyon radyo ak yon valè revi tabli kòm espas altènatif nan sa k konsène fason yo abòde kesyon migratwa a. Rezo radyo katolik (UDECA), ki gen, pami estasyon ki manm li yo, 2 radyo ki tabli nan zòn ki pre fwontyè a, toujou ap suiv kesyon migrasyon an epi li fè plizyè pwogram sou sijè sa a. Revi tankou "Convite", "Estudios Sociales", "La Muralla" ak plizyè lòt piblikasyon nan sektè relijye yo, pami yo kèk bilten elektwonik, montre yo gen gwo enterè pou kesyon an.
3. An Ayiti, medya tankou revi kreyòl ki parèt chak mwa Bon Nouvèl, ki gen pi gwo tiray onivo près ekri a, ak radyo kominotè yo, bay tèm migrasyon an gwo plas nan travay yo. Gwoup Api pou Refijye ak Rapatriye (GARR) suiv yon liy enfòmasyon ak kontak pèmanan ak medya yo sou kesyon migrasyon an. Pandan 2 dènye ane sa yo, inisyativ sa yo konte anpil nan fè pwomosyon yon espas solidarite ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
4. An Repiblik Dominikèn, medya altènatif yo gen anpil limit, menmsi, nan kèk ka, yo jwenn gwo api enstitisyonèl ak kèk fasilite. Yon lòt kote, yo pa rive gen yon liy tètansanm sou fason y ap manyen pwoblèm migratwa epi yo pa rive jwenn rezilta y ap chèche nan lit kont diskriminasyon ki frape kominote ayisyen an Repiblik Dominikèn.
5. An Ayiti, valè tan emisyon radyo kominotè yo dire piti anpil, akòz pwoblèm lajan ki difisil pou rezoud. Yon lòt kote, absans enfrastrikti telekominikasyon nan peyi a, rann tach medya kominotè yo difisil nan chèche enfòmasyon entènasyonal, antwòt enfòmasyon ki konsène Repiblik Dominikèn.
III- Pou medya yo kab byen konsidere migran ayisyen ak dominiken 2 bò fwontyè a
Nan sousi pou kontribye nan amelyore imaj migran yo 2 bò fwontyè a, pou favorize bon konprann, ranfòse zanmitay ak solidarite ant 2 pèp yo, pwofesyonèl ak benevòl nan medya, travayè sosyal, militan dwa moun, sendikalis ki te patisipe nan seminè "Ayiti-Repiblik Dominikèn: Migrasyon ak Medya", deklare:
1. Meyda ayisyen ak dominiken gen yon gwo wòl pou yo jwe nan fasilite tout kalte echanj kiltirèl ant 2 pèp yo, pandan y ap konsidere divès pratik kiltirèl ki la depi tan benbo.
2. Meyda ayisyen ak dominiken se zouti ideyal pou ankouraje moun pale Kreyòl ak Espayòl sou tout zile a. Kreyòl se lang peyi Ayiti, Espayòl se lang Repiblik Dominikèn. Akò kiltirèl ant 2 Leta yo ta dwe tabli yon kad ki pèmèt yo ankouraje moun aprann lang sa yo, ankouraje vizit echanj, patikilyèman nan mitan jounalis yo.
3. Meyda ayisyen ak dominiken ta dwe kontribye nan eklèsi jwèt ekonomik k ap jwe nan 21èm syèk la, ki gen konsekans patikilye moun pa kab neglije sou migrasyon an nan kontèks Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
4. Meyda ayisyen ak dominiken ta dwe pran angajman pou bay tout kalte enfòmasyon sou yon seri tèm ki enpòtan pou 2 pèp yo.
5. Atik jounal ak pwogram radyo, televizyon ta dwe trete kesyon migratwa a, pa sèlman kòm mouvman popilasyon, men tou yo ta dwe konsidere moun k ap janbe fwontyè yo kòm sijè, ki gen pwòp istwa pèsonèl yo, temwayaj yo ak fason yo viv chak jou.
6. Pou piblik la kab jwenn pi bon jan enfòmasyon, fòk ta gen korespondan laprès ayisyen ak dominiken ansanm ak estrikti komen ki okipe zafè enfòmasyon nan tout zòn fwontyè a. Pou yo kab bay bon jan rannman, korespondan yo ta fèt pou jwenn atansyon ak ankadreman ki nesesè.
7. Medya altènatif ayisyen ak dominiken ta dwe fè jefò pou tabli espas pèmanan konsètasyon ak echanj epi ankouraje itilizasyon Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon ki tou nèf yo (NTIC) pou ogmante kantite enfòmasyon k ap sikile ant 2 peyi yo.
8. Radyo kominotè ayisyen yo, sitou sa ki tou pre zòn fwontyè a, ta dwe kab devlope yon apròch altènatif nan trete enfòmasyon ki konsène kesyon migrasyon an, pandan y ap evite yon seri chema panse tou fèt, pandan y ap konsidere nesesite pou relasyon ant pèp ayisyen ak dominiken amelyore epi pandan y ap ensiste sou inisyativ solidarite yo.
Pwofesyonèl ak benevòl nan medya, travayè sosyal, militan dwa moun, sendikalis ki te patisipe nan seminè "Ayiti-Repiblik Dominikèn: Migrasyon ak Medya", antann yo sou nesesite pou pwen ki nan dokiman sa a antre nan ajennda lit rezo espesyalize yo ak gwoup presyon yo. Dispozisyon pou fè suivi ap pèmèt yo evalye devlòpman, evolisyon ak fason yo aplike pwopozisyon sa yo.
Pòtoprens, 10 Jen 2001
|
Réseau alternatif haitien d'information |